KOMINIKÈ POU LAPRES
Pòtoprens, 27 oktòb 2026 – Minis Afè Etranjè ak Afè Relijye yo, Ekselans Madan Raina Forbin, te prezide yon reyinyon travay atravè videokonferans ak chèf 57 misyon diplomatik, reprezantasyon pèmanan ak biwo konsilè Ayiti yo. Reyinyon sa a te bay opòtinite pou evalye aplikasyon plan politik etranjè Gouvènman Premye Minis la, Ekselans Mesye Alix Didier Fils-Aimé, dirije a, epi pou konfime priyorite aksyon diplomatik ak konsilè yo.
Nan okazyon sa a, Minis la te prezante plizyè mezi ki vize ranfòse efikasite ak pèfòmans rezo ekstèn lan, epi li te mete aksan sou itilizasyon optimal platfòm dijital ki disponib pou li yo, pou modènize ak amelyore sèvis konsilè yo ofri bay konpatriyòt nou yo k ap viv aletranje.
Minis la te anonse tou deplwaman pwogresif premye gwoup administratè diplomatik ak konsilè yo, ki gen pou objektif ranfòse jesyon administratif reprezantasyon Ayisyen yo aletranje.
Inisyativ sa yo reflete volonte Ministè Afè Etranjè ak Kil pou modènize ak pwofesyonnalize diplomasi ayisyèn nan, pou fè l pi efikas, pi koeran e pi oryante sou rezilta, nan sèvis enterè Nasyon an.
