KOMINIKÈ POU LAPRES
Pòtoprens, 28 oktòb 2026 – Minis Afè Etranjè ak Afè Relijye yo, Ekselans Madan Raina Forbin, te fè yon reyinyon mèkredi 28 oktòb 2026 la avèk lidè sektè Vodou a, ki te konsantre sou ranfòsman dyalòg ant Leta a ak reprezantan denominasyon relijye sa a, ansanm ak modalite itilizasyon fon sipò ki aloke pou li a.
Nan okazyon sa a, Minis la te anonse ke, pou premye fwa, sektè Vodou a gen yon alokasyon bidjetè, menm jan ak lòt denominasyon relijye rekonèt ann Ayiti. Alokasyon 50 milyon goud sa a—apwouve pa Konsèy Minis yo sou lidèchip Premye Minis la, Ekselans Mesye Alix Didier Fils-Aimé, nan kad bidjè ki te adopte nan dat 30 septanm 2026 la—gen pou objektif sipòte inisyativ ki gen enterè kolektif pou benefis sektè a.
Minis la te selebre tou dènye sèman douz *houngan* ak *manbo* devan Tribinal Premye Enstans nan Pòtoprens, li te souliye enpòtans etap sa a nan aplikasyon dekrè prezidansyèl 4 avril 2003 la, ki rekonèt Vodou kòm yon relijyon ki gen tout dwa legal li. Anplis de sa, li te anonse ke, depi kounye a, *Ati* nasyonal la pami moun ki ka benefisye privilèj pwotokòlè Leta bay yo—tankou aksè a yon paspò diplomatik—dapre Dekrè 2 jen 2026 la.
Pandan reyinyon an, patisipan yo te eksprime satisfaksyon yo ak pwogrè sa yo epi yo te fè lwanj pou lidèchip Minis Raina Forbin ak angajman li nan dyalòg ak sektè a. Lidè sektè Vodou a te pataje enkyetid ak pwopozisyon yo tou ki vize amelyore estrikti li. Yo te dakò pou òganize yon reyinyon konsiltasyon swivi.
Chanselye a te reafime tou angajman Gouvènman an, dirije pa Premye Minis la, Ekselans Mesye Alix Didier Fils-Aimé, pou ranfòse dyalòg ak tout lidè relijye yo epi pou garanti Vodou menm konsiderasyon ak lòt denominasyon relijye Leta rekonèt yo, nan yon lespri ekite enstitisyonèl, respè mityèl, ak apresyasyon pou eritaj kiltirèl ak espirityèl Ayisyen an.

